Partners EAP Four Seasons Graphic Partners Employee Assistance Program Top Banner
Work & Life Resources Button Seminars & Events Button About EAP & Services Button
Search  
 



   Concerns Responses Results


   Call Us

   866-724-4EAP

  Partners EAP
  Print This PagePrint This Page

Fason pou Pale avèk Timoun yo osijè Evènman ki Bay Nouvèl Tris

Haitian Creole version of "Talking with Children about Upsetting News Events" by Paula K. Rauch, MD 

Tout timoun ekspoze anba   nouvèl ki nan jounal, radyo, Entènèt, ak televizyon   pi espesyalman.  Epitou timoun yo toujou al kote paran yo pou poze paran yo kesyon sou sa yo te wè ak tande.  Pou yon timoun ki genyen fanmi li ki afekte nan tranbleman tè sa ann Ayiti, nouvèl sou trajedi a kapab fè li pi enkyè pou sekirite fanmi l yo.  Diskisyon sou pwoblèm sa yo reprezante yon defi espesyal pou paran yo koute, konprann ak reponn kesyon pitit yo nan yon mannyè ki onèt ak rasiran alafwa.  Leve defi sa a ranfòse pwen fò anndan lespri yo, sans sekirite li, ak konfyans li genyen nan ou.

Premyèman, se ou ki pi konnen pitit ou.  Ou pètèt déjà pase bon moman ak moman anba presyon avèk li anvan.  Fason pitit ou te reyaji nan tan pase ba ou souvan yon bon lide sou fason li kapab debouye li avèk nouvo defi yo.  Reflechi sou sa ki te itil pou pitit ou a anvan, epi itilize menm teknik sa yo ki te reyisi anvan yo.  Pifò timoun yo ap jwenn benefis nan aplikasyon woutin regilye yo, avèk tou orè chak jou ak sa n ap tann nòmalman nan men yo konsènan devwa lekòl yo. Timoun yo kapab jwenn jèm emosyon yo apati adilt ki nan ki nan anviwònman yo a  Timoun yo ap pran emosyonèl yo nan adilt ki nan anviwònman yo. An jeneral, si nou rete kalm y ap santi yo pwoteje; men li enpòtan pou w pale avèk pitit ou osijè enkyetid espesifik li yo.

Dezyèman, tcheke avèk pitit ou. Chèche konnen sa li tande, wè ak panse (konsènan) osijè yon nouvo evènman (ki fèk rive) oswa (oubyen) si (evènman tounèf sa a poko atire atansyon timoun lan) li potko atire atansyon li.  Poze kesyon tankou, “Èske timoun ki nan lekòl la pale sou sa __________?” oubyen (oswa), “Kisa ou tande sou sa__________?” se bon fason pou w kòmanse yon konvèsasyon ak timoun lan.  Si pitit ou pi jenn epi   li pa okouran nouvèl yo, ou kapab chwazi pou w pa ale pi lwen avèk konvèsasyon sa a. Si pitit ou te tande nouvèl sou evènman an, ankouraje li rakonte ou sa li (te) tande a (oubyen) sa li panse sou sa lòt moun ap di.  Mande l si l santi yo genyen kèk enkyetid ki pwòp a yomenm.  Pou reponn kesyon yo pandan w ap retire laperèz nan lespri timoun lan, li enpòtan pou w konprann reyèlman avèk ki santiman pitit ou an t ap batay anvan w angaje nan bay repons oubyen nan aktivite pou w ba li asirans.

Twazyèman, imaj y ap pase nan televizyon yo kapab twoublan.  Fèmen televizyon ki toupre timoun ki jenn yo oubyen timoun say o nouvèl televizyon te atis nan tan pase yo.  Sonje pitit ou an kapab entèprete repòtaj k ap repete menm imaj yo kòm si se menm evènman ki kontinye a rive reyèlman.  Gade televizyon avèk pi gran timoun yo pou ou kapab reponn kesyon yo epitou chèche konnen santiman yo. Gen timoun ki pi gran ki bezwen pou w fè yo sonje imaj y ap pase nan televizyon kapab akablan pou yo epi pa gen pwoblèm pou timoun yo pa gade imaj sa yo.  Kozman sa a vrè tou pou divès adilt ki kapab santi yo pi byen pou yo koute repòtaj radyo oubyen pou yo li repòtaj sou jounal olye y ap  gade imaj tris yo nan televizyon.

Katriyèman, pase anpil tan avèk fanmi ou. Pase plis tan avèk pitit ou yo. Fèmen telefòn lan ak televizyon an pandan repa pou nou kapab pale ansanm. Souvan paran yo kapab idantifye moman nan jounen an oubyen aktivite ki fasilite yo fè konvèsasyon enteresan ak timoun yo.  Pafwa, kozman sa yo rive pandan yo nan oto ansanm oubyen lè yon timoun chita avèk yon paran  k ap fè yon bagay nan kuizin lan. Moman sa yo se bon anpil pou w tcheke avèk pitit ou epi pou nou pale ansanm.

Finalman, lè yon timoun santi se tout latè ki manke sekirite, li enpòtan pou w atire atansyon li sou kisa n ap fè pou n pwoteje tèt nou. Pami mezi pwoteksyon sa yo, kapab genyen boukle senti sekirite oubyen pote kask lè n ap monte bisiklèt, manje repa ki bon pou sante ak pratike egzèsis, gade toulède kote yo anvan w travèse lari a, epi idantifye kilès adilt k ap sipèvize nan diferan anviwònman pou yon timoun ka konnen kote kimoun pou li kapab ale pou li jwenn èd.  Lè yon timoun santi li enkyete sitou konsènan sekirite manman li oubyen papa li, oubyen   fanmi ki pap viv nan menm peyi avèk li mentni koneksyon ant timoun sa a ak paran l yo. Pou w fè sa, itilize kèlkeswa mwayen kominikasyon ofi-amezi y ap  vin disponib.  Kontinye fè tèt ou konfyans epi fè timoun lan sonje sekirite ki sòti nan preparasyon, antrènman, ak konpetans kominote nou an, epi lidèchip li   kapab fè anpil chemen pou l ede yon timoun reprann sans sekirite li.

Konsèy anba yo kapab itil nan nenpòt moman difisil:

Tibebe:

  • Tibebe yo aprann nan enkyetid ak aksyon moun ki nan lantouraj yo, pou rezon sa rete kalm lè w ap kominike avèk ti bebe w lan. Kontinye kenbe   menm woutin, ak menm anviwònman an. 
  • Reyaksyon tibebe yo kapab gen konfizyon lè gen enkyetid toutotou yo.

 

Timoun ki fèk ap mache: 

  • Pa chanje woutin yo.
  • Pa kite timoun yo ekspoze twòp nan nouvèl y ap bay nan televizyon ak radyo, epitou yon adilt dwe prezan kote y ap bay nouvèl sa yo   
  • Ofri videyo pou timoun yo gade, liv pou yo li, epi jwe avèk pitit ou.
  • Si yon jenn timoun poze kesyon sou sa k ap pase a, itilize mo senp pou w reponn. Asire pitit ou konnen ou la pou pwoteje li.
 

Timoun ki nan Lekòl Matènèl: 

  • Pa kite timoun yo ekspoze twòp nan nouvèl y ap bay nan televizyon ak radyo, epitou yon adilt dwe prezan kote y ap bay nouvèl sa yo   
  • Si yon timoun ki nan lekòl matènèl poze kesyon sou sa k ap pase a, itilize mo senp pou w reponn. Asire pitit ou konnen ou la pou pwoteje li.
  • Pase plis tan ap anbrase ak sere pitit ou nan bra ou.
  • Jwe avèk pitit ou. Konekte avèk zanmi ou yo, oswa òganize yon gwoup kote tout mou nap jwe ansanm.
  • Fè yon kalite aktivite espesyal ansanm. Gade sinema, jwe yon jwèt, kwit bonbon nan fou.
 

Timoun ki Gen Laj pou Al Lekòl: 

  • Timoun sa yo dwe pran nouvèl nan televizyon ak radyo sèlman an prezans yon adilt.
  • Bay timoun sa yo anpil opòtinite pou yo pale osijè sa yo panse k ap pase a, epi pote eklèsisman pou yo kote yo pa konprann  
  • Ankouraje timoun yo pou yo pataje santiman ak enkyetid yo avèk ou. Fè yo konnen li nòmal pou moun gen laperèz epi w ap fè tout sa ou kapab pou w pwoteje yo.
  • Mete ou disponib, paske gwoup laj sa a kapab pi enterese nan evènman yo pase timoun pi jenn yo men yo pa twò kapab tankou timoun pi gran yo pou yo sipòte sa k ap rive yo, epitou pou yo kominike.
  • Bay timoun yo asirans gen anpil moun ki la pou pwoteje yo epi fanmi an ansekirite.
  • Ofri yo aktivite oswa jwèt espesyal.

Adolesan yo: 

  • Koute yo, koute yo, koute yo.
  • Gade nouvèl nan televizyon avèk yo.
  • Fè konsèvasyon ki bon pou sante avèk jenn adolesan w lan. “Kisa w panse konsènan evènman sa yo k ap rive nan lemonn nou an jounen lan jodi a?” Kijan ou santi w lè w te fèk tande sa?
  • Pataje onètman santiman pa w yo ak timoun yo.
  • Ankouraje yo eksprime santiman kòlè yo ki nan lespri yo, epi brase lide avèk yo konsènan kijan yo kapab fè fas avèk santiman sa yo.

Tout Timoun: 

  • Rete avèk pitit ou yo otank posib.
  • Mande yo – pa sipoze ou deja konnen – kisa yo konprann nan evènman jounalis ap rapòte nan nouvèl yo.
  • Konfime santiman pitit ou yo fè ou konnen kòm santiman ki reyèl, asire yo konprann pa gen move santiman, epitou fè yo konnen ou genyen menm santiman yo tou.
  • Lè yo poze ou kesyon sou sekirite pa yo, eksplike yo oumenm, antan yon paran, w ap fè tout sa ou kapab pou w pwoteje yo. Abòde enkyetid sa yo pèsonèlman santi.
  • Si timoun yo genyen kesyon sou sekirite nan lekòl yo, eksplike yo paran yo, pwofesè yo ak administratè lekòl la ap fè tout sa ki posib pou pwoteje yo, Fè konsiderasyon sou enkyetid nan pwòp lespri pa yo.
  • Timoun yo kapab montre kèk nan konpòtman anba yo nan moman kote yo anba presyon:
  • Regresyon – timoun aji tankou si l te pi jenn pou l ka jwenn  
  • Timoun la pi kole sou paran an  
  • Gen pwoblèm pou dòmi
  • Vin pi ajite, oubyen fè kòmantè avèk kòlè
  • Koze ak konsiderasyon zak vyolans
  • Jwe oubyen aji pi fason ki pi agresif.

Tout reyaksyon sa yo nòmal. Li enpòtan pou w kontinye pale avèk pitit ou yo epitou pou w kite yo eksprime tout sa yo santi.

 

Partners Employee Assistance Program

A Free & Confidential Work&Life Resource    www.eap.partners.org 

 Toll free (866)724-4EAP or Local EAP Offices: 

                                                MGH (617) 726-6976    *    BWH (617) 732-6017  

                                                NSMC (781) 598-2643  *   NWH (617) 243-6522

DFCI 617-732-6017

 

 

 

Updated:1/21/2010

 


This content was last modified on: 02/11/2010

Partners EAP serves employees, and their household members, of Partners HealthCare and related entities.
Partners EAP is not a service for the general public.
Call Us, Toll Free: 1-866-724-4EAP
Offices at: MGH 617-726-6976 | BWH 617-732-6017
NWH 617-243-6522 | NSMC 866-724-4327
Faulkner 617-983-4840